31>>Lè Moun Bondye voye nan lachè a va vini nan tout bèl pouvwa li ak tout zanj li yo, la chita sou fotèy li ak tout bèl pouvwa li.

32>>Tout nasyon ki sou latè va sanble devan li. Lè sa a, la separe yo fè de gwoup, menm jan moun k'ap gade mouton mete mouton yon bò, kabrit yon bò.

33>>La mete mouton yo sou bò dwat li, kabrit yo sou bò gòch li.

34>>Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.

35>>Mwen te grangou, nou ban m' manje; mwen te swaf dlo, nou ban m' bwè. Mwen te lwen peyi m', nou te resevwa m' lakay nou.


36>>Mwen te toutouni, nou te ban m' rad. Mwen te malad, nou pran swen m'; mwen te nan prizon, nou vin wè mwen.


37>>Lè sa a, moun ki te fè byen yo va reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou pou n' te ba ou manje? Kilè nou te wè ou swaf dlo pou nou te ba ou bwè?


38>>Kilè nou te wè ou lwen peyi ou, pou nou te resevwa ou lakay nou? Osinon toutouni, pou n' te ba ou rad?


39>>Kilè nou te wè ou malad, osinon nan prizon, pou n' te al wè ou? 40Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou te fè sa pou yonn nan pi piti pami frè m' yo, se pou mwen nou te fè li.


41>>Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.




42>>Mwen te grangou, nou pa t' ban m' manje, mwen te swaf dlo, nou pa t' ban m' bwè.


43>>Mwen te lwen peyi m', nou pa t' resevwa m' lakay nou. Mwen te toutouni, nou pa t' ban m' anyen pou mwen te mete sou mwen. Mwen te malad, mwen te nan prizon, nou pa t' vin wè mwen.


44>>Lè sa a, y'a reponn li: Mèt, kilè nou te wè ou grangou, osinon swaf dlo, kilè nou te wè ou lwen peyi ou, osinon toutouni, kilè nou te wè ou malad osinon nan prizon, jouk pou nou pa t' ba ou lasistans?


45>>Wa a va reponn yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: chak fwa nou pa t' fè sa pou yonn nan pi piti sa yo, se pou mwen nou pa t' fè li.



46>>Apre sa, l'ap voye yo resevwa chatiman ki p'ap janm fini an. Men, pou moun ki te fè byen yo, y'ap antre nan lavi ki p'ap janm fini an.

POU KIYÈS GOUP SA YE?

GOUP SA SE POU YON MOUN KI BEZWEN ÈD DE PRIYÈ OU BYEN RESEVWA ETID BIBLIK TAN AP FINI PANSE AK NANM OU

JEZI DI>>28 Vini jwenn mwen, nou tout ki bouke, nou tout ki anba chay, m'a soulaje nou.

SA SE YONN NAN PIGRO SEKRÈ JEZE KRIS REVELE POU YON KRETYEN KI VLE ALE NAN SYÈL SELON MATYE 25V31......

KISA MISYON POU KRIS YE?

MISYON POU KRIS SE YON PROJÈ MWEN LANSE POU EDE MOUN KI NAN NESESITE PASKE SELON MATRE 25 V31 …..TOUT MOUN KISE KRETYEN DWE APLIKE PRENSIP SA KISE  FÈ BYEN EDE YON LÒT MOUN, SE POU REZON SA MWEN LANSE PROJÈ SA. MWEN CHWAZI PWAN 2% NAN TOUT KÒB MAP ANTRE NAN BIZNIS MWEN POUM EDE YON LÒT KI NAN  NESESITE, E PÒT MISYON POU KRIS LOUVRI POU TOUT MOUN KIVLE METE TÈT YO ANSANM AVÈM KI VLE BAY YON KOLABORASYON NAN PROJÈ SA

Provèb11v25>>Lè ou bay ak kè kontan, ou p'ap janm manke anyen. Lè ou manje ak moun, ou pa janm rete grangou.

Provèb19V17>>Lè ou bay pòv lacharite, se Bondye ou prete. Se li menm ki va renmèt ou sa.

LUK6V38>>Bay, Bondye va ban nou. La lage yon bon mezi, byen souke, byen foule, ak tout tiyon l', nan pòch rad nou. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm Bondye va pran pou mezire nou tou.

Este sitio web utiliza cookies para que usted tenga la mejor experiencia de usuario. Si continúa navegando está dando su consentimiento para la aceptación de las mencionadas cookies y la aceptación de nuestra política de cookies, pinche el enlace para mayor información.plugin cookies

ACEPTAR
Aviso de cookies